11/05/2026
LÈ YON MOUN FÈ AKSIDAN, SE ÈD LI BEZWEN, SE PA KAMERA NOU!
Lè yon moun ap soufri, pa fè telefòn nou tounen yon kamera pou filme doulè li. Se pa moman pou n chèche foto ni videyo pou fè bri sou rezo sosyal. Se moman pou n montre limanite, solidarite ak konpasyon.
Yon ti jès ka sove yon lavi. Yon men nou lonje ka fè diferans lan.
Ann sispann filme malè lòt moun, ann kòmanse ede yo. Paske demen, se nou menm oswa yon moun nou renmen ki ka nan menm sitiyasyon an.
❤️ MONTRE LIMANITE, PA CHÈCHE VIZIBILITE SOU SOUFRANS LÒT MOUN!