Jean-Jacques Dessalines, founding Father of Haiti

Jean-Jacques Dessalines, founding Father of Haiti Haitian United for the change of Haiti. The new Haiti with new Haitian people. Check out our problems.

find the best solution, United, Working for the country not for our self.

06/23/2012

Pouki lot peyi nan mond lan pa konpran lavi memjan AK nou Ayisyen 1804.
Nou pran Libète nou ofri tout lot moun peyi d`Ayiti kom peyi pa yo pou yo viv Lib. Si gen yon moun ki santi ou pa Lib poutet koule pow pran yon bato, di bato saa depoze w sou timoso te kirele Ayiti a, jou ou va pile timoso te saa ou va Lib.
Pawol Jean jaques Dessaline 1804. Tout moun ki te pran bato rantre an Ayiti nan moman saa, nou peye $40.00 pou chak moun, pami moun sa yo te gen Simon Boliva. nou bay tout moun papye sitwayen Ayisyen la pou la. Depi le saa gro peyi yo ki pat dako ak desizyon Ayiti, yo we Ayiti deside pou Libere tout esklav sou te a, yo mare konplo kont Ayiti. USA di li pap rekonet nou kom peyi Indepandan, li mete nou nan anbago pou 58 ane, Kelke ane pita franse tounen li di poul aksepte nou viv lib e Indepandan fok nou peye 90 milyon. Mwen vle pou nou konprann 600 Mil esklav San edikasyon gen pou travay pandan 143 ane nan agrikilti pou peye la Frans lajan saa. pandan tan saa tout lot peyi ki pran Libete kontinye bati lekol, fe rout mete sistem ekonimik elatrie, yap puse moute.

1983 American debake ak yon program tout konchon nan peyi d Ayiti fet pou mouri, pou chak kochon yo touye yo bay 25 goods= 75¢ us. Apre kelke semen yo tounen ak yon kochon merican, nou bezwen $100.00 us pou achte kochon pa yo a fok nou gen Kay an beton pou metel lapli pa fet pou mouyel yo vini ak manje espesyal ak vaksin ki soti USA pou kochon saa anyen pa pou gratis, malere pa kab poche.

1988 yon program USA, lage yon diri pou Henry Nanphy pou mete nan lari apri piyay, kraze agrikilti peyi d`Ayiti, peyizan nou yo menen bourik nan mache yo pote banann yo pote patat, yo pote mayi, bourik yo tounen tou chaje, pep la jwen diri pou piyay li pap manje manje peyi, prodwi agrikol yo pa alamod. yo detwi tout sistem ekonomik peyia.
pouki tout bagay sa yo, paske Ayisyen di moun pa esklav tout moun fet pou viv Lib jodia blan ak nwa marye yo fe pitit San problem gras ak batay 1804. Tout moun kontan Libere men se sel Ayiti ki peye. Ki sa nou fe ki mal yo konsidere nou kom kriminèl paske nou invante Libète. Jodia nou pov, nou pa edike, pifo peyi sou te a pa vle wè Ayisyen. Se pa nou menm ki fe tèt nou pov, se gro peyi ki te fache kont nou paske nou kreye Libète yo kraze tout sistem ekonomik nou. Povrete Ayiti a se gro peyi yo ki instalel. Nou pat ne pov.

Pouki lot nasyon yo pa kab wè pou Ayiti sa nou te wè pou yo an 1804
Tout moun dwe viv tankou frè ak sè san disgriminasyon ni prejije.

SI GEN YON MOUN KI SANTI OU PA ALEZ KOTE WAP VIV LA POUTET KOULE POW PRAN YON BATO DI BATO SAA DEPOZEW SOU TIMOSO TE KI RELE AYITI A JOU WA PILE TIMOSO TE SAA WAP LIB E SE LA PEYI W VA YE. PAWOL DESSALINES AYITI 1804

Revandikasyon Ayisyen jodia: se pou tout Ayisyen jwen lekol nan nenpot peyi sou te a san lajan. Ayisyen fèt pou viv nan nenpot peyi yo vle depi yo respekte lalwa peyi saa. Ayisyen pa bezwen viza pou vwayaje depi yo gen yon paspo pou idantifye yo. Se sa nou te ofri tout mond lan lè nou te pran libète. Si jodia tout moun dako esklavaj se te yon krim. Gro peyi fè konplo yo kraze peyi d`Ayiti pou vanje rebelyon esklav te fè kont yon seri moun ki panse yo se mèt lot moun paske koulè po pa yo pi klè pase yon lot. moun ki di yo te pedi esklav avek tè, komkwa se yon dwa yo te genyen pou mete neg nwa nan chèn. se sèl Ayiti yo fè peye Pandan ke tout lot peyi sou la tè moun ap viv Lib San problem. nou mande jistis ak reparasyon pou Ayiti.

05/27/2012

Ayiti manman cheri.

Ou se yon manman espesyal, manman Libète. Yon manman ki mete tout moun ansanm kèkeswa koulè po w, moun blan, moun rouj ak moun nwa mache min nan min gras a ou manman. Tout moun ki konnenm konen byen kijan m renmin w. Se avèk dlo nan je m map ekri tèks saa, poum di tout fanm ki soti nan zantray ou yo kouraj.

Fanm Ayisyen yo se fanm ki mare pitit yo nan do ak yon panye sou tèt yo, yo travay la tè nan tout flanm solèy, yap chache la vi, bay manje ak voye pitit lekol. Gason konn ba yo move nom, wi depi zafè nèg yo pa bon yo di fanm yo se move fanm, anvan ti krik ti krak nèg yo vire do yo ale, lage pitit nan min fanm pou okipe, manman se manman yo pa kab fè lach. Gason deja ba yo move nom fok timoun yo jwenn moso pen l`instwiksyon, yo viv nan move kondisyon moso edikasyon yap chache pou pitit, Yo leve bonè yo domi ta. moun ki sou pouvwa yo bote lajan sere nan peyi etranje, manman pitit ap pase tray pa bo lakay. chak moun yo touye chak moun yo kidnape se zantray yon manman kap rache, kidnapè yo pa bay legin. Ala traka pou fanm peyi d`Ayiti. Yo pa janm dekouraje. Jodi a 27 may 2012 mwen pa kapab swete nou bo n fèt paske bo n fèt mache kot a kot ak kè kontan, lamizè grou malesite pa kite kè kontan pou manman pitit an Ayiti. Mesaj map ba nou jodia se poum di nou gen yon jou kap rive,lalwa gen pou tryonfe, yon ekip solid gen pou pran kontrol peyi a, jou saa fanm gen pou pase anpremye, se apre fanm fi n jwenn, si genyen Hum, si genyen Hum Hummm. Viv fanm Ayisyen. Viv Ayiti.Pe yi pa konn fè moun se moun ki fè peyi. yon pèp ki mobilize pa janm pèdi batay.

02/15/2012

Figaro Gaston

Saw se yon kado gouvènman Dominikin bay Ayiti. Se sou gouvènman Preval.
11/11/2011

Saw se yon kado gouvènman Dominikin bay Ayiti. Se sou gouvènman Preval.

10/27/2011

This is meant to be a stepping stone, an introduction to Haitian history, please do not take everything in this documentary as fact. This is our story narrat...

10/13/2011

We are different but we must learn how to live together in peace as civilized people or perish together as fools.

10/13/2011

A few solutions on fixing some of Haiti's problems.

Address

4910 Golden Gate PKWAY
Naples, FL
34116

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Jean-Jacques Dessalines, founding Father of Haiti posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share

Category