31/07/2026
Operasyon enskripsyon elektè yo demare ofisyèlman nan depatman Lwès, jedi 30 jiyè 2026 la. Se Prezidan Konsèy elektoral pwovizwa a, ki lanse operasyon yo nan Sant enskripsyon ak vòt Lise nasyonal Petyonvil. Jacques Desrosiers te pwofite okazyon an pou raple enpòtans operasyon enskripsyon elektè yo ki reprezante yon etap fondamantal pou pwosesis elektoral la. Konseye a fè konnen Sant enskripsyon ak vòt yo ap kontinye louvri nan Lwès jiskaske KEP a rive touche divès komin ak seksyon kominal nan depatman an pou akeyi sitwayen ak sitwayèn ki vle anrejistre sou rejis elektoral la pou yo ka vote nan eleksyon k ap vini yo, jan Dekrè elektoral la egzije sa.
Pou kounya, gen dis (10) Sant enskripsyon ak vòt ki louvri nan depatman Lwès pou mennen operasyon yo. Nan dis (10) sant sa yo gen senk (5) ki nan Petyonvil, twa (3) nan Dèlma ak de (2) nan Taba. Sant sa yo se : Lise nasyonal Petyonvil, Lekòl nasyonal Guatemala, Lekòl nasyonal Meyòt, Lekòl nasyonal Wout Frè, Lise Benoit Batraville nan Laboule 13, Lise Horatius Laventure nan Dèlma 75, Lise Antoine ak Georges Izmery nan Ti Plas Kazo, Biwo Kazèk Silo a, Lise Jean-Marie Vincent nan Karade epi Lekòl nasyonal Taba 25 lan.
Pou rapèl, operasyon enskripsyon elektè yo te demare depi lendi 20 jiyè 2026 la, nan nèf (9) depatman jewografik peyi a. Avèk depatman Lwès la ki lanse operasyon yo jedi 30 jiyè a se tout peyi a ki kòmanse pare pou anrejistre elektè yo jan dispozisyon legal yo egzije sa. Konsèy elektoral la ap pwofite envite tout sitwayen ak sitwayèn, ki gen laj pou vote, pou pase nan Sant enskripsyon ak vòt ki pi pre l la osnon kote l vle vote a, ak Kat idantifikasyon nasyonal li, pou l anrejistre sou rejis elektoral la.