15/09/2026
Kredi imaj📷: Lakay.
Si se pou goumen ak bandi mka parye sou komisè Jean Ernest Muscadin paske se sa ki domèn li. Men afè jere yon peyi a non.
kòm se ayiti li ka toujou prezidan.
(Nan yon ang ki byen presi)
sil chwazi tande moun e li gen chans gen bon moun kap travay bò kotel se sure li kapab bay bon rezilta. men nan afè jesyon, estrateji, diplomasi, kreye richès, defini yon bon plan ak administre yon pouvwa. Li menm sèl oubyen ak ekip li deja gen la sezo bare.
Si nap gade byen, li pa gen okenn diskou kote li pral fè devlopman,travay pou rive konbat koripsyon, amenaje bwat ak enstitisyon leta yo, devlope relasyon diplomasi nasyonal e entènasyonal , ni kreye bon jan moyen agrikol pou kreye richès,travay,enfrastrikti ak stabilite elatriye.
Nap wè li pale de yon sèl bagay ki se ensekirite, konbat gang yo. Se sa ki domèn li se sal ka fè pi byen. Nou menm nou fi'n dechennen oh fòk li poze kandida ala prezidans, ebyen men li kòm se pa projè peyi nap fè se chans nap kontinye pran. Pouse bourik nou.
Se tande nap tande peyi ap Byen fonksyone.
Nou refize mete (l'homme qu'il faut à la place qu'il faut.)
Yon dènye remak antanke yon chèf, yon wo grade, yon figi egzanplè pou popilasyon an. Gen kèk minimum ou sipoze genyen.
Menm yon senp sitwayen pa dwe ap bay yon entevyou pou wap balanse konsa, mwen vle di jan lap bouje kòl la.